Interpreter Services Kreyòl

Biwo administratif tribinal yo (AOC) lan Ventyèm Sikonskripsyon Jidisyè a rekonèt ke gen divès kalite moun ki vini epi ki bezwen sèvis tribinal la. AOC bay aksè ak sèvis entèprèt pou moun ki pa pale anglè oswa ki konprann anglè tou piti, ki soud oswa ki pa tande byen, oswa ki pa ka pale. AOC anplwaye staf entèprèt ki travay tout lajounen ak entèprèt tribinal kalifye ki sou kontra e yo disponib lan tout tribinal yo.


Entèprèt Tribinal Pou Lang Pale:

Ventyèm Sikwi Jidisyè ap founi entèprèt tribinal pou lang pale bay moun ki genyen konèsans limite nan anglè an akò ak règleman 2.560 la kou siprèm Laflorid. N’ap anplwaye Entèprèt Tribinal a plen tan, e n’ap itilize Entèprèt Tribinal sou kontra ki endepandan e ki kalifye, e sèvis sa-yo disponib nan tout kote odyans tribinal fèt. Moun ki pa kalifye pou yon Entèprèt Tribinal anba frè trezò piblik toujou kapab peye yon Entèprèt Tribinal avèk lajan pa yo an ako ak règleman 2.565 la kou siprèm Laflorid.

Entèprèt tribinal pou lang pale ki kalifye pral deziye kote yon enterè fondamantal an je e si moun pa genyen kapasite pou yo konprann oubyen eksprime tèt yo an angle e ke zafè sa-a fè ke yo pa kapab patisipe plenman e de fason nesèsè nan pwosede tribinal yo. Ka sa-yo genyen ladan, me yo pa limite nan, kriminel sikwi e konte, delenkans e depandans jivenil, patènite, lod pwoteksyon pou violans domestik, pwosede sante e enkapasite mantal. Nan lot kalite ka yap bay moun entèprèt si jij kap prezide jwenn ke sa-a nesèsè sou dosye jiridik, i konpri ke yon ‘enterè fondamantal’ an je.

Entèprèt tribinal pou lang pale pral bay tou pou moun ki limite nan konèsans angle e ki temwen nan nenpòt ki kalite odyans e pou moun ki limite nan konèsans angle e ki viktim nan nenpòt ki kalite odyans kriminel sikwi oubyen konte oubyen nan odyans delenkans jivenil.

Nou dwe resevwa demann pou entèprèt tribinal lang pale o mwens 7 jou a lavans jou pwosede-a sipoze fèt. Nan ka kèk langaj ki pa rive souvan oubyen nan ka ki pat sou orè deja, plis tan kapab nesèsè pou fè aranjman pou jwenn yon entèprèt kalifye.

Entèprèt Langaj pa Siy:

Pi plis, Ventyèm Sikwi Jidisyè ap founi sèvis entèprèt ak lòt akomodasyon rezonab pou moun ki soud nan tout ka an akò ak seksyon 90.6063, Stati Laflorid, e ak Akt Ameriken ki Andikape (ADA).

Si ou bezwen yon entèprèt langaj pa siy oubyen kèk akomodasyon, ou genyen dwa resevwa sa-a san li pa koute ou okenn lajan. Demann pou entèprèt langaj pa siy ta dwe fèt o mwens 5 jou avan dat odyans-la lè sa-a posib.

Pou mande yon Entèprèt Tribinal Pou Lang Pale oubyen yon Entèprèt Langaj pa Siy, klike ISIT oubyen ale nan http://www.ca.cjis20.org/Forms/interpreter_kreyol.aspx